Pi pwisan pase yon grenn bal !!

Li se on fòs pase tout fòs nan zafè devwa sitwayen, pouvwa sila detwi tout yon nasyon ki di l se pèp. Menm pouvwa sa konn pote viv alèz ki dirab tou pou pitit latè k’ap chèche sa. N’ap pale de on grenn vòt !!!

Nan tout sosyete, chwa moun ki pou reprezante yon kominote konn òganize divès manyè,sa pral depann de kijan manman lwa peyi a di sa. Lò eleksyon ka fèt an sifraj inivèsèl tout moun ki ranpli kondisyon pou vote kapab patisipe.

Yon sitwayen gen dwa deside moun li vle pou bay grenn vòt li,pandan l’ap fikse direksyon idewolojik lidè pa li a. Grenn vòt pa ta dwe achtab,ni echanjab,li pa dwe tou nan kout ba,ni nan kout foud e se sa kifè yon peyi kapab pran lavi li an men ak bon jan eleksyon k’ap òganize sou tout teritwa li.

Yon grenn vòt puisan anpil,lò li livre se tout konfyans ki blayi pou desten yon peyi. Lè on sitwayen pa vote se on fot grav e sitwayen sa koupab si demen sosyete l’ap sibi movèz gouvènans. Paske lè ou derefize vote,on lòt moun ap oblije fè l’ nan plas ou epi ou konn chwa sa li pra l fè pou ou a? Lè yon peyi ap byen jere, lè pitit peyi a konsidere,se pèsonalite nou chwazi yo ki chita aksyon yo sou sa lalwa di pou dirije peyi a. Lè n ap bay grenn vòt nou nan move kondisyon oubyen nou pa bay li ditou osinon lè se kout foud kap fèt nan eleksyon se tout sosyete a kap sibi l menmjan tou lè on bon chwa ki fèt e ke gen yon ale mye pou pitit peyi a se rezilta chwa nou fè.

Se pou sa yon sitwayen ki di li renmen peyi li e ki di li onèt pa dwe janm ret diferan lè gen eleksyon k’ap òganize. Li pap gad sou kou li pran m'en l’ap pare pou repare erè li nan korije chwa moun l’ap fè. Se yon obligasyon fondamantal pou chak sitwayen pran tèt yo ak senserite pou avni peyi nou ki avan tout bagay pou bay grenn vòt ki nesesè ak tout pouvwa sa genyen nan ede peyi n vanse.

Stève CHARLES

Rédactrice - Economiste

07/10/19 0 452 0

SOCIETE

Faire un commentaire

Commentaires

Vous pourrez lire aussi


© 2019-2021 GeekZone Haïti, Tout droit réservé